Samedi citoyen du 25 avril 2026 avec le ministère de l'Environnement, le MTPTC et le SNGRS — photo 1
Propreté et environnement 2 min de lecture

Samedi citoyen du 25 avril 2026 avec le ministère de l’Environnement, le MTPTC et le SNGRS

Mairie Cap-Haïtien
Partager :

Administrasyon Minisipal la ap kontinye angajman li nan zafè pwòpte ak pwoteksyon anviwònman an. Depi mwa septanm 2025, li lanse yon gwo mouvman netwayaj atravè Konbit Netwayaj, ansanm ak inisyativ Samdi Sitwayen, ki òganize chak dènye samdi nan chak mwa.

Pou edisyon samdi 25 avril 2026 lan, Meri a mobilize plizyè enstitisyon kle tankou Ministè Anviwònman, MTPTC, SNGRS, ansanm ak divès aktè nan sosyete sivil la, ki reponn prezan pou patisipe nan gwo konbit chanjman sa a.

Objektif prensipal la se netwaye tout komin nan, e sitou litoral vil la, sou trajè ki soti kafou Ayewopò entènasyonal la pou rive Ri 5 boulva.

Aktivite jodi a te lanse an prezans komisyon Minisipal la, Minis Anviwònman an, Direktè SNGRS, reprezantan MTPTC, ansanm ak lòt patnè enstitisyonèl ak kominotè, ki tout mete men ansanm pou demare operasyon netwayaj sa a.

Inisyativ sa a rantre tou nan kad dinamik nasyonal ki lanse pa Ministè Anviwònman an. Nap raple, nan okazyon Jounen Mondyal Resiklaj la, Minis Anviwònman an, Valéry Fils-Aimé, te lanse ofisyèlman pwogram nasyonal « Konbit Haïti Zéro Déchet » nan dat 18 mas 2026 pase a.

Pwogram sa a, ki jwenn sipò plizyè kolektivite teritoryal ak enstitisyon piblik, vize mete sou pye yon nouvo apwòch dirab pou jesyon fatra ak asenisman nan tout peyi a.

Bò kote pa l, Administrasyon Minisipal Okap la konfime detèminasyon li pou kotinye mobilize tout fòs viv nan komin nan pou bati yon vil ki pi pwòp e ki pi òganize.

Samedi citoyen du 25 avril 2026 avec le ministère de l'Environnement, le MTPTC et le SNGRS — photo 2Samedi citoyen du 25 avril 2026 avec le ministère de l'Environnement, le MTPTC et le SNGRS — photo 3Samedi citoyen du 25 avril 2026 avec le ministère de l'Environnement, le MTPTC et le SNGRS — photo 4Samedi citoyen du 25 avril 2026 avec le ministère de l'Environnement, le MTPTC et le SNGRS — photo 5