Lancement officiel des activités fiscales 2026-2027
Administrasyon Minisipal la lanse ofisyèlman aktivite fiskal yo pou ane 2026-2027 la
Jodi lendi 5 oktòb 2026 la, Sèvis Fiskalite Meri a òganize yon gwo seremoni pou make lansman ofisyèl aktivite fiskal yo pou ane 2026-2027 la.
Nan okazyon sa a, Direktris Afè Finansyè Meri a, Madam Farah Belance, felisite ajan fiskal yo pou travay yo deja reyalize epi ankouraje yo kontinye fè plis efò pou amelyore kalite sèvis y ap bay kontribiyab yo.
Bò kote pa l, Chèf Sèvis Fiskalite a, Mesye Wilmingue Alexis, ankouraje ajan ak teknisyen fiskal yo pou yo toujou aji avèk pwofesyonalis, respè ak responsablite nan fason y ap resevwa kontribiyab yo epi trete dosye yo.
Mesye Alexis pwofite envite tout kontribiyab yo pou yo pa tann dènye moman pou yo ranpli obligasyon fiskal yo. Li lanse yon apèl espesyal bay tout pwopriyetè ki poko janm peye kontribisyon fonsye sou pwopriyete bati yo pou yo pase nan Meri a pou regilarize sitiyasyon yo.
Peye taks nou se patisipe nan devlopman komin nou an.




