Opération de récupération des espaces publics au centre-ville — photo 1
Espace public et marchés 2 min de lecture

Opération de récupération des espaces publics au centre-ville

Mairie Cap-Haïtien
Partager :

Administrasyon Minisipal la lanse operasyon pou rekipere espas piblik yo nan sant vil la

Jan sa te anonse a, Administrasyon Minisipal la, nan tèt kole ak La Polis, ansanm ak ajan sekirite minisipal yo, mennen jounen lendi premye jen 2026 la yon operasyon pou fè respekte nouvo mezi ki vize amelyore sikilasyon ak òganizasyon espas piblik yo nan vil la.

Nan kad operasyon sa a, otorite yo te fè plizyè entèvansyon nan sant vil la kote yo retire yon kantite tab, tant, materyèl ak lòt enstalasyon ki te okipe twotwa yo, lari a ak lòt espas piblik ilegalman pou aktivite komèsyal oswa lòt aktivite ki pa otorize.

Aksyon sa a antre nan aplikasyon prensip Komisyon Minisipal la te raple piblikman : “Twotwa pou pyeton, mache pou machann, epi lari pou machin.”

Administrasyon Minisipal la fè konnen objektif operasyon sa yo se pou rekipere espas piblik yo pou pèmèt pi bon sikilasyon pyeton ak machin yo, diminye ankonbreman nan sant vil la, ranfòse sekirite piblik.

Komisyon Minisipal la remèsye tout sitwayen ki deside kolabore ak mezi sa yo epi li envite tout moun pou kontinye respekte règ ki gouvène itilizasyon espas piblik yo, nan enterè òganizasyon ak devlopman vil Okap.

Opération de récupération des espaces publics au centre-ville — photo 2Opération de récupération des espaces publics au centre-ville — photo 3Opération de récupération des espaces publics au centre-ville — photo 4Opération de récupération des espaces publics au centre-ville — photo 5