Nouvelles mesures pour la circulation et la collecte des déchets
Komisyon Minisipal la anonse nouvo mezi pou amelyore sikilasyon nan vil la
Komisyon Minisipal chita pale ak laprès jodi vandredi 29 me a pou prezante yon seri nouvo mezi ki vize amelyore sikilasyon machin ak jesyon fatra nan vil la pou diminye ankonbreman nan plizyè zòn nan vil la.
Pami desizyon ki pran yo, otorite minisipal yo anonse apati lendi kap vini la a, Meri pap ranmase fatra ankò se kolekte yo pral kolekte fatra nan sachè lakay moun yo.
Epi otorite yo anonse aplikasyon nouvo sans sikilasyon sa a : Machin k ap sòti nan zòn lòt bò pon dwe pase sou pon ri 5 lan pou antre nan vil la e machin k ap sòti nan vil la dwe pase pa kafou Samari pou ale zòn lòt bò pon.
Twotwa pou pyeton, mache pou machann, epi lari a pou machin
Nan kad mezi sa yo, otorite minisipal yo raple prensip sa a :
Twotwa pou pyeton, mache pou machann, epi lari pou machin.
Se poutèt sa, tout moun ki okipe twotwa yo, lari a oswa lòt espas piblik ki pa fèt pou aktivite yo ap mennen yo, dwe pran dispozisyon pou libere espas sa yo san pèdi tan.
Mezi sa a konsène espesyalman sektè sa yo :
Soti Ri 2A rive Ri 2L
Soti Ri 6A rive Ri 6L
Soti Ri 7A rive Ri 7L
Soti Ri 11A rive Ri 11G
Soti Ri 12A rive Ri 12L
Epi ak tout lòt ri yo nan sant vil la.
Administrasyon Minisipal la fè konnen sèvis konsène yo pral mobilize pou akonpaye aplikasyon mezi sa yo, ki antre nan kad efò k ap fèt pou amelyore mobilite nan vil la, diminye ankonbreman, ranfòse sekirite piblik epi favorize yon pi bon anviwònman pou aktivite ekonomik yo.



