Espace public et marchés
1 min de lecture
Deuxième rencontre avec les marchands de téléphones
Administrasyon Minisipal la rankontre jodi a madi a machann telefòn yo pou yon dezyèm fwa, nan lide pou eksplike yo pi byen demach k ap fèt yo epi chèche jwenn yon antant sou kestyon itilizasyon espas piblik yo. Objektif la se fè yo konprann nesesite pou yo pa kontinye okipe twotwa yo, ki se espas ki rezève pou pyeton yo.
Nan kad dyalòg sa a, Administrasyon an mande tou pou tout espas machann yo itilize yo rete pwòp epi pou yo libere yo chak jou apati 5è nan aprèmidi.
Administrasyon Minisipal la kwè nan fòs dyalòg ak sansibilizasyon. Se poutèt sa l ap kontinye fè tout sitwayen yo konnen ke twotwa se pou pyeton, lari se pou sikilasyon veyikil, epi mache piblik yo se espas ki fèt pou aktivite komèsyal yo.




