La Mairie distribue de la peinture pour embellir le centre-ville — photo 1
Espace public et marchés 1 min de lecture

La Mairie distribue de la peinture pour embellir le centre-ville

Mairie Cap-Haïtien
Partager :

Administrasyon Minisipal Okap la komanse distribiye penti pou amelyore imaj sant vil la

Jan sa te anonse deja, jodi vandredi 24 jiyè 2026 la, Administrasyon Minisipal la kòmanse distribye penti bay plizyè rezidan ak pwopriyetè kay ki abite nan diferan ri nan sant vil la.

Penti yo distribiye sitou bay rezidan ki rete nan zòn kote operasyon libere lari ak twotwa yo te deja reyalize. Objektif la se pèmèt chak fanmi pentire fasad oswa devan kay yo anvan dat limit 31 jiyè 2026, jan Administrasyon Minisipal la te fikse sa.

Komisyon Minisipal la pwofite renouvle apèl li bay tout sitwayen yo pou yo kontinye sipòte efò anbelisman an pandan yap pentire devan kay yo, kenbe twotwa ak lari a lib. Epi pran abitid kenbe devan lakay yo pwòp chak jou.

La Mairie distribue de la peinture pour embellir le centre-ville — photo 2La Mairie distribue de la peinture pour embellir le centre-ville — photo 3La Mairie distribue de la peinture pour embellir le centre-ville — photo 4La Mairie distribue de la peinture pour embellir le centre-ville — photo 5