Propreté et environnement
1 min de lecture
Ensemble, faisons briller le Cap-Haïtien
Vil Okap se kapital istorik ak touristik peyi a. Pwoteje l se devwa chak sitwayen.
Ann kontinye libere twotwa yo ak lari a pou fasilite sikilasyon tout moun.
Ann kontinye bale, wouze devan kay nou, epi mete fatra nan sachè pou kenbe anviwònman an pwòp.
Ann pentire fasad kay nou pou bay Vil la yon nouvo vizaj.
Yon vil Okap pwòp, òganize se fyète tout sitwayen. Ansanm, ann kontinye fè Okap briye!


