Ordre et sécurité dans les espaces publics : les opérations continuent
Jodi lendi 15 jen 2026 la, Administrasyon Minisipal la kontinye ak seri operasyon li yo atravè diferan pwen nan vil la pou retabli lòd, pwòpte ak sekirite nan espas piblik yo.
Nan kad demach sa a, Ajan Minisipal yo ap kontinye travay pou libere twotwa yo pou pyeton yo kapab sikile san difikilte. An menm tan, otorite yo ap ranfòse mezi kont motosiklèt ki modifye moflè yo pou fè bri nan lari a, yon pratik ki kontribye ogmante nwizans sonò nan vil la.
Administrasyon Minisipal la ap mande tou tout moun k ap lave machin sou twotwa oubyen sou vwa piblik la pou libere espas sa yo. Twotwa yo fèt pou pyeton, tandiske lari yo dwe rete disponib pou sikilasyon.
Komisyon Minisipal la konte sou kolaborasyon chak sitwayen pou bati yon vil ki pi pwòp, pi òdone pou tout moun viv anpè.




