Rappel des règles aux agents de sécurité municipale avant chaque opération
Nan kad operasyon k ap mennen pou libere espas piblik anpil moun pran daso pou enterè pèsonèl yo, anvan chak sòti sou teren an, Administrasyon Minisipal la toujou òganize yon chita pale ak ajan sekirite minisipal yo pou raple yo misyon yo, responsabilite yo ak prensip ki dwe gide aksyon yo. Objektif la se asire ke tout entèvansyon fèt nan respè dwa sitwayen yo, san abi, san mechanste, epi nan lespri sèvis piblik ak pwoteksyon enterè kolektif la.
Administrasyon Minisipal la fè konnen tou ke, nan kad egzèsis fonksyon yo, okenn sitwayen pa dwe atake, menase oswa fè obstak ak ajan minisipal yo pandan y ap akonpli misyon yo, pou yo pa ekspoze tèt yo ak sanksyon lalwa prevwa yo. Administrasyon an ap mande kolaborasyon tout moun pou respekte mezi ki pran yo, libere twotwa yo pou pyeton yo ka sikile an sekirite, epi kite lari a disponib pou machin, motosiklèt ak lòt mwayen transpò yo.
Administrasyon an rete angaje pou mennen operasyon sa yo avèk disiplin, pwofesyonalis ak respè diyite chak moun, pandan l ap travay pou retabli lòd, amelyore sikilasyon, epi fè espas piblik yo sèvi enterè tout sitwayen san distenksyon. Se ansanm, nan respè règ yo ak enterè jeneral la, nou kapab bati yon vil ki pi òdone, pi pwòp e pi aksesib pou tout moun.




