Cap-Haïtien et Fort Lauderdale, deux villes connectées
Vil Okap ak Vil Fort Lauderdale konekte nan plis fason ke nou ta ka imajine. Avyon ki ale e tounen preske chak jou, bato kago ak kwazyè ki ale tounen chak semèn, pandan Broward gen plis Ayisyen pase Miami.
Mwen te kontan patisipe nan aktivite sa nan lide pou kontinye ranfòse opòtinite ekonomik e touristik ki egziste pou tou 2 vil yo, e Kijan vil Okap ka benefisye de mouvman ekonomik sa yo pou Devlòpman rejyon an.
Nou te pwofite anonse lansman yon “Fon Devlòpman” ki pral disponib pou diaspora a ak lòt enstitisyon ka patipe ladan pou sipòte diferan pwojè.
Tankou jan Anbasadè Dominique Dupuy te mansyone nan diskou li a, Antan ke aktè kle nan dyaspora a, li enpòtan pou pase nan faz Aksyon.
Yon gwo mèsi a komite Jimlaj Cap-Haitien – Fort Lauderdale la, a Vil Fort Lauderdale, ak Sponsor Ki te arive fè aktivite si la posib.
Mèsi a Majistra Dean Trantalis ak Komisyonè Pamela Pittman, delegasyon Minisipal la te onore resevwa yon pwoklamasyon pou Vil Okap e rekonèt Mwa Eritaj Ayisyen a Nan Fort Lauderdale.
Pitit Okap yo te prezan e te montre volonte yo pou patisipe nan chanjman ak Devlòpman Vil Okap.





