Journée mondiale du nettoyage : la Commission municipale salue la mobilisation
Nòt pou Jounen Mondyal Netwayaj la
Nan okazyon Jounen Mondyal Netwayaj la, Komisyon Minisipal la ap salye epi felisite tout gwoup, tout òganizasyon ak tout jèn ki deja mobilize pou pote kole nan konbit netwayaj la.
Semèn sa a ankò, administrasyon minisipal la prevwa plizyè lòt aktivite pou kontinye ranfòse angajman kolektif nou. Pami yo:
2 jounen chita tande, nan dat 24 ak 25 septanm 2025, sou tèm “Pawòl Fatra”, k ap rasanble tout kouch sosyal ak tout enstitisyon nan vil la.
3 gwo jounen mobilizasyon, k ap kòmanse vandredi 26 septanm, ansanm ak tout gwoup òganize ak tout enstitisyon nan vil la.
Nou lanse envitasyon bay tout moun ki ta renmen pote kole yon fason ou yon lòt pou n kontinye kenbe vil nou an pwòp. Pa ezite rantre an kontak ak administrasyon minisipal la pou w ka patisipe.
Ansanm nou pi fò. Ann kontinye fè konbit pou komin nou an ka pi pwòp, e pi bèl.
